Nan tan pase mwen te toujou gen pwoblem ansanm avek enkyetid mwen, m te konn toujou ap enkyetem pou sa mwen bezwen e jodi a mwen vle patage yon ti temwanaj avek ou
Mwen sonje le mwen t’ap grandi, mwen te toujou ap enkyete’m pou Bagay mwen bezwen ,pou rad map mete, mwen pat janm rekonesan ak sa’m genyen, mwen te toujou vle konparem ak lot moun, mwen te konn toujou ap fe foli pou sa mwen pa genyen, kek fwa si mwen pa gen yon bel rad mwen patap al legliz pou sa, pou mwen menm, m te toujou panse rad map met sou mwen te pi enpotan ke vi mwen.
Pandan mwen vini nan staff , epi youn nan leader yo dim : ‘‘Mica eske ou ka ale jete fatra yo avek mwen anba Gwomon?’’ (se yon plas moun jete fatra) Epi mwen te di li wi, le nou rive, mwen we te gen anpil moun ki tap kouri janbe lari a vini epi’m te etone, m pat ka konpran sa, le nou raze machinn nan, moun yo te vole monte machinn nan ak tout fatra yo ladan’l, epi m di : ‘‘tale sa kap pase konsa! ’’
Se apre leader mwen an tap dim rezon kife yo te vole antre nan machinn nan ak tou fatra yo landan’l se paske yap cheche bagay kibon nan fatra yo,epi ou ka we fason moun yo ap goumen pou sa yo jwen nan fatra epi pou ta we fason yo te kontan malgre fatra yo te santi . konsa touswit dlo tap koule nan zyem sa vinn fem songe sam tap bay tet mwen pwoblem pou li a pat vreman enpotan ke sa ,mwen te gen tout sam bezwen
men mwen te twouve sa pat ase pou mwen e mwen pat kontante m ak sa m te genyen men gade moun yo, le yo te jwen yon bagay nan fatra yo renmen yo te kontan ou ka we lajwa nan ke yo. Pou mwen m pat bay tet mwen opotinite pou te souri epi kontantem ak sam genyen sa vinn fem santi, mwen te rich mwen pat janm konpran sa epi sak te pi touchem se le ke fatra yo te vreman santi men sa pat anpeche yo te cheche sa yo te bezwen. Menm moman m te vinn konpran ke Bondye te vlem we sa, li te vle m fe eksperyan ak sa nan moman
Yon fraz ki te moute nan pansem nan menm moman ki se
“ fatray w se trezo pou yon lot moun’
Sam gen pou diw, toujou rekonesan ak saw genyen paske chak Bagay gen yon tan jis ret tann tan sa Mesi
