Evanjelizasyon Nan Yon Brouèt!
November 30, 2020
Mica Turene

Vandredi pase a nou te gen yon evanjelisasyon nou te fè nan Bourèt ,nòmalman jan de aktivite sa yo toujou fèt avèk yon machin , ak cha oubyn yon kabwa pou pote spike , dèlko etc. Men akoz de fason wout la toujou gen blokis, nou te anvizaje poun itilize yon Bourèt pou transpò a te ka fèt pi fasil e pi rapid .

  Nou te rele bouret sa Jackson. Awwww! Yon ti istwa de Jackson: chak nou di ki Jackson ,gen yon staff nou genyen nan baz la ki rele Jackson, li te toujou panse ke se avèl nap pale ,men se de bourèt la nou tap pale. Hahah! antouka sa te amizan . avan, mwen te panse sa te parèt  yon ti kraz komik pou’n te fè evanjelizasyon nan yon bourèt. Mwen tap di kisa moun yo pral panse de nou ? eske yo pap di nou fou?

 Mwen panse nou pa tap gen moun ki tap vle tande nou , men lè nou te kòmanse rive bò mache Bon bèf la nan SenMak, mwen te sezi wè moun ki tap travèse lari a pou vinn asiste avèk nou . mwen te ka  wè fason moun yo te angaje yo avèk nou ,machan yo te kite sa yo tap vann nan pou yo te ka vinn adore e priye avèk nou ,m te ka wè prezans Bondye te la . nou te ouvri kad la si yon moun te bezwen priyè, yo te ka leve men yo pou nou te ka priye pou yo, epi te gen yon dam ki tap vann sou lot bò lari a, li te rele nou poun te priye pou li, lè nou te fè sa pou li, li te di li te santil pi byen, e nou te di Bondye mesi pou sa 

Preche levanjil la pa osi konplike ke jan apil moun panse’l la, menm jan mwen te panse’l te konplike avan an , men BonDye montrem depi nou gen volante e nou fè plas pou li lap fè anpil bagay ke nou pat menm panse. Ann  Bay Bondye glwa ak posiblite ke nou genyen e lap pwovizyone rès yo, pa bliye Bondye renmen w .

Author

Recent Blog Posts

New Things + New Learning = Growth

New Things + New Learning = Growth

So far this year has been a year of new! New things, new roles, new relationships, and all the new challenges, rewards, and learning that follows.  December 30, 2022 I married my wonderful husband. The second week of January we jumped full force into ministry...

Praying For Each Other

Praying For Each Other

2 Thessalonians 1: 11-12With this in mind, we constantly pray for you, that our God may make you worthy of his calling, and by his power he may bring to fruition every desire of goodness and every deed prompted by faith. We pray this so that the name of our Lord Jesus...

God Knew I Needed Haiti as Much as Haiti Needed Me!

God Knew I Needed Haiti as Much as Haiti Needed Me!

Hi, my name is Zach Ennis and this is my story of how my life will never be the same because I said yes to a Mission Trip to Mission Starfish Haiti. I grew up knowing about Starfish and all the Difference Makers through my family that had been connected to Haiti for...

You Need to Remember

You Need to Remember

So often I become wrapped up in my thoughts. Wrapped up in the ideas of what life is ‘supposed to be like’, which often turns into a storm of ‘How will I’s... How will I provide for myself? How will I make friends? How will I ______? This morning, I was stuck in those...