Mwen te gen chans poum te ede yon timoun ki te malad semen sa, e sa te fe anpil enpak sou mwen… pou fason mwen te we manman li tap priye ak la fwa pou li, pou fasonm te we anpil lot moun tap fe menm bagay la tou. Men youn nan bagay ke mwen vle soulinye nan istwa sa se “Lè nap priye, se pou nou fel ak lafwa, pou nou rekonet ke se nan men BonDye tout bagay ye, se pa pou nou fèl ak perèz. Menm jan manman sa te fel pou pitit li a… m te we koman lafwa li te mennen pitit li a jis nan elikopte sa ki tap vin pranl pou mennen li nan lopital, sa te stresan anpil paske pitit la pat ka respire san machin oksijèn sa, e nan moman sa nou te rete 30 minit chaj nan oksijèn nan pou li te etèn. men mwen te we ak de je mwen koman BonDye Gran, m te we le nou Mete lafwa nou nan BonDye koman sa ka ye pou nou…
Mwen swete ou fe menm jan an, kontinye mete lafwa ou nan BonDye menm si ou pa konprann anyen. paske moun ki gen viw nan men’l lan li konprann e konnen tout bagay.
