Fason Bondye Te Travay Nan Lavi Ti Moun Yo
August 13, 2021
Mica Turene

 Jodia mwen  vle Ba ou yon ti temwanaj de koman mwen te we Bondye te travay nan lavi ti moun yo ,

Semen pase apre peti gwoup dans la gen kek nan ti moun yo ki mandem Madam Mica ou konn jwe  boul epi mwen te dil wi mwen konn jwe sa se youn nan spo ke mwen remen anpil .yo te vreman eksite pou yo te tande sa ,yo mandem eske w vle jwe ak nou mwen te vreman fatige nan moman sa , mwen te di yo ok pa gen pwoblem mwen pral chache Boul la .  nou te komanse jwe ,sa te vreman amizan le nou fini yo te vreman apresye moman nou te pase ansanm nan epi yo mandem eske nou ka jwe anko yon lot fwa? mwen di banm panse poum we, presa  nou te fini pa chwazi yon jou .nan lot semen nou komanse jwe men fwa sa yo te fache ak youn lot yo tap joure youn lot yo te men arive eseye jete youn lot pandan yap jwen . Nan moman sa mwen kanpe jwet  la mwen di sak genyen sa kap pase konsa ti moun yo tout komanse pale an menm tan yo tap eseye pou esplike sak pase a epi mwen di yo tande : nou la pou nou jwe pou nou apran konnen youn lot , pou kisa nou oblije fache ,joure, nou se yon sel e nou se fre ak se. nou bezwen gen respe youn pou lot renmen youn lot e sousye pou youn lot . Epi mwen di yo nap rejwe anko ak lanmou respe e trete youn lot fason ou te renmen yo trete w gen youn nan ti fi yo kite di Madam Mica mwen vreman dezole pou sa ki pase a mwen mande ou padon mwen pwomet ou mwen pap janm fe sa anko . la menm sa te vreman touche kem e mwen te di mesi Bondye paske ou pemet li idantifye ke li te fe yon ere e padon se youn nan pi gwo bagay yo moun kap viv bezwen konnen. ti pitit sa te ka gen selman 10 ou 11 ans ki te dako fe te li enb pou li te rekonet li te fe yon ere ,e mwen te pataje vese sa avek yo kise 1 Korentyen 10 : 31 ki di : se sak fe , kit nap mange , kit nap bwe , nenpot sa nap fe , fel pou sa sevi yon lwanj pou Bondye 

Mwen swete ou beni Nan temwanay sa . Jezi renmen w !

Author

Recent Blog Posts

From Haiti To Mongolia

From Haiti To Mongolia

Hello YWAM Port of Peace Family, I miss Haiti more than “dearly” or any words that I could really put on this screen i’m writing on and you’re reading from. Let’s get right into it. What is obedience? Something drilled in us from childhood so that we grow up and...

Idantite w nan Kris

Idantite w nan Kris

Bonswa tout moun mwen vle pale enpe de idantite w nan Kris la.  Gen  idantite nan Kris la vle di ke ou konpran epi kwe ke  vre  idantitew soti nan relasyonw avek Jezi .Sa vledi kew konpran ou renmen, ou gen vale, Bondye akseptew janw ye a. E ke valew pa baze sou sa ou...

Our First Ever Stateside Event!

Our First Ever Stateside Event!

We have some exciting news to share with you all! Our staff have been hard at work preparing YWAM Port of Peace’s very first stateside event in the city of Spring, Texas this fall!!  So, for those of you in the Houston area be prepared for an evening of fun! If you...

Bondye Toujou Prè

Bondye Toujou Prè

Tout tan sa yo ki pase nan vim ak nan antouraj mwen, mwen aprann yon bagay ki se kle pou lavi’m. Nan nenpòt sitiyasyon mwen ye, oubyen yon lòt moun BonDye toujou la, li toujou la ap frape pòt kè nou poul ka rantre, li pa dezòd, san prensip oubyen menm antre si li pa...

New Things + New Learning = Growth

New Things + New Learning = Growth

So far this year has been a year of new! New things, new roles, new relationships, and all the new challenges, rewards, and learning that follows.  December 30, 2022 I married my wonderful husband. The second week of January we jumped full force into ministry...