Idantite w nan Kris
August 18, 2023
Mica Turene

Bonswa tout moun mwen vle pale enpe de idantite w nan Kris la. 

Gen  idantite nan Kris la vle di ke ou konpran epi kwe ke  vre  idantitew soti nan relasyonw avek Jezi .Sa vledi kew konpran ou renmen, ou gen vale, Bondye akseptew janw ye a. E ke valew pa baze sou sa ou akonpli nan lavi a, tankou pozisyonw ou byen opinyon lot moun. Le ou gen idantite nan Kris la ou kapab viv ak konfyans, ak yon objektif ak  lape. Konnen ke ou se pitit Bondye e idantite’w an sekirite ave’l.

Le mwen tap grandi idantite’m te baze sou sa moun di de mwen, pi souvan sou sa ki negatif tankou mwen pap janm anyen nan lavim, mwen led, mwen pa Bon ase mwen pa gen yon bon ran sosyal, mwen te kwe manti sa yo e grandi ansanm avek yo. donk, le mwen vinn apran plis de idantite’m, mwen te apran se pa sa mwen akonpli nan lavim ki defini’m paske sim pa nan pozisyon sa yo anko map toujou rete moun mwen ye a sa pa vle di mwen pa gen idantite anko. Kounya mwen vinn fokis  ak sa Bondye di de mwen, mwen vinn mennen yon lavi ki plis an rapo ak Bondye.

Idantite nou nan Bondye selon 1 jan 3:2 Nou se pitit Bondye : nou se pitit yon wa, ki se yon gran onè. Donk nou  pa bezwen fe anyen pou sa paske li te ba nou sa gratis atrave lanmou li.

Nou se yon limye: men  mwen pat santi kem te yon limye mwen te toujou ap gade moun e we limye kite nan yo a men mwen pat janm vle aksepte kem se yon limye.

Nou se pye presye Bondye: nou pa menm jan ak moun nan mond lan Bondye te kreye nou pafe yon jan ki inik ansanm avek li epi  nou presye devan jel, Nou kreye pou fe bon bagay nan vi nou pou’n moutre lanmou kris la 

Nou  se yon nouvel kreyati: nou te mouri nan ansyen vi a kounya nap viv pou Bondye. Idantitew se pa peche ou te konn ap fe yo, kounya ou gen Bondye, lavi’w nouvo paske Nenpot sa kew kwe de tet ou se sa wap devini. 

Nou beni : kek fwa se pa tout tan ou santi kew beni men kitem diw ou se yon moun beni nan nenpot sikonstans Bondye toujou la ansanm avek ou e kek fwa ou pap rive finn konpran lel beniw. 

Koman ou ka devlope idantitew nan Kris la?  Devlope relasyonw ak Kris la komanse le wap pase tan ansanm avek li, priye épi etidye pawol li, pandan wap medite la pawol li. Konsa nap vreman konnen ki moun li ye e ki moun nou ye nan li. E anko nou ka konekte ak lot kretyen parey nou kap ankouraje nou e sipote nou nan lafwa nou genyen nan Bondye. Li vreman enpotan pou’w konnen, devlope yon relasyon avek Bondye se yon bagay wap bezwen fe anko e anko pou tout laviw sa se pwosesis la toujou bezwen plis nan li e kontinye grandi la fwa nou nan li chache gras li epi kontinye swiv li 

Mesi anpil mwen swete ou te edifye nam ou e ou ka konnen ki kote vre idantitew soti.



Author

Recent Blog Posts

From Haiti To Mongolia

From Haiti To Mongolia

Hello YWAM Port of Peace Family, I miss Haiti more than “dearly” or any words that I could really put on this screen i’m writing on and you’re reading from. Let’s get right into it. What is obedience? Something drilled in us from childhood so that we grow up and...

Our First Ever Stateside Event!

Our First Ever Stateside Event!

We have some exciting news to share with you all! Our staff have been hard at work preparing YWAM Port of Peace’s very first stateside event in the city of Spring, Texas this fall!!  So, for those of you in the Houston area be prepared for an evening of fun! If you...

Bondye Toujou Prè

Bondye Toujou Prè

Tout tan sa yo ki pase nan vim ak nan antouraj mwen, mwen aprann yon bagay ki se kle pou lavi’m. Nan nenpòt sitiyasyon mwen ye, oubyen yon lòt moun BonDye toujou la, li toujou la ap frape pòt kè nou poul ka rantre, li pa dezòd, san prensip oubyen menm antre si li pa...

New Things + New Learning = Growth

New Things + New Learning = Growth

So far this year has been a year of new! New things, new roles, new relationships, and all the new challenges, rewards, and learning that follows.  December 30, 2022 I married my wonderful husband. The second week of January we jumped full force into ministry...

Praying For Each Other

Praying For Each Other

2 Thessalonians 1: 11-12With this in mind, we constantly pray for you, that our God may make you worthy of his calling, and by his power he may bring to fruition every desire of goodness and every deed prompted by faith. We pray this so that the name of our Lord Jesus...